Jèn pwofesè-ekriven, Wilky Charles, pibliye premye ouvraj li ki titre ‘’Konsekans Peche a Nan lavi kwayan an
Nan yon anbyans sosyo espirityèl melanje ak dekò, Jèn pwofesè-ekriven Wilky Charles pibliye premye liv li ki titre ‘’Konsekans Peche a nan lavi Kwayan an’’, jou ki te dimanch 27 novanm pase a, Santo Domingo, nan
Nan yon entèvyou ke li bay ak Radio Tele Milenaire, Wilky Charles fè konnen ke liv sa rive posib, gras ak yon eksperyans epi yon revelasyon. Pwofesè a fè konnen tou, nan yon titan ki pa tro lwen, nap kapab jwen liv sa nan lang panyòl. Pandan ke l envite tout moun achte liv sa, yon fason pou yo kontinye aprann plis sou konsekans peche a genyen sou lavi moun.Repiblik Dominikèn. Nan evenman sa Plizyè atis ki pase prezantasyon, tankou Aquela Dorvil, Louisane Brunot, Pascal Trazil, ak plizyè lòt ankò te prezan pou akonpanye ekriven an, nan okazyon vant siyati liv sa, yon fason pou yo kontinye aprann plis sou konsekans peche a genyen sou lavi moun.
CORASLIN DOMINIQUE
0 comments:
Publicar un comentario